Delaware.gov logo

Odyans Piblik: Regleman pou Kòd Konsèvasyon Enèji Eta a



Divizyon Klima, Kòt ak Enèji

Pibliye: 29 jen 2025
Kòmantè yo dwe: 6 out 2025

Avi DNREC Nimewo CCE20250205
Règleman ki pa gen Diskriminasyon

Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal (Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC), Divizyon Klima, Kot, ak Enèji pral reyalize yon odyans piblik nan dat madi 22 jiyè, 2025, apati 6:00 PM pou konsidere kòmantè nan men piblik la sou Kòd Adminstratif 7 DE 2101 Regleman pou Kòd Konsèvasyon Enèji Eta a (# Dosye 2025-R-CCE-0008)

Objektif revizyon Kòd Administratif 7 DE 2101 se pou nou adopte vèsyon aktyalize ki soti nan Kòd Entènasyonal sou Konsèvasyon Enèji (International Energy Conservation Code) epi Sosyete Ameriken pou Estanda Enjenyè sou Chofaj, Refrijerasyon ak Klimatizasyon (American Society of Heating, Refrigerating and Air-Conditioning Engineers Standards) atravè modifikasyon kapasite zewo enèji nè.

Modifikasyon pwopoze yo pral disponib anliy apati 1ye jiyè, 2025. Ou ka gen aksè ak yo anliy nan: regulations.delaware.gov/services/current_issue.shtml oubyen de.gov/dnrechearings. Adisyonèlman, yon revizyon an-pèsòn disponib atravè randevou sèlman lè w kontakte anplwaye responsab la, Anna Keatingnan nan (302) 735-3355 oubyen atravè imel nan anna.e.keating@delaware.gov.

Lyen paj entènèt la pou odyans vityèl la ka aksede atravè sit wèb Odyans Piblik DNREC a nan de.gov/dnrechearings. Si yo mande w yon modpas, tanpri itilize : 712818. Pou w aksede a pati odyo a sèlman nan odyans vityèl la, konpoze: 1-646-931-3860 epi mete Idantifyan Rankont lan: 827 7203 4542. Asistans lang disponib sou demann nan 10 jou ouvrab anvan odyans lan. Soutit kode disponib atravè platfòm Zoom lan ki itilize pou tout odyans piblik DNREC yo.

Moun ki swete ofri kòmantè vèbal pandan odyans piblik DNREC dwe enskri davans pa pita pase midi nan dat odyans vityèl la de.gov/dnreccomments oubyen pa telefòn nan 302-739-9001.

Depatman an pral aksepte kòmantè piblik atravè fèmti aktivite yo nan dat mèkredi 6 dawou. Yo pral aksepte kòmantè sou fòm ekri atravè imel nan DNRECHearingComments@delaware.gov, oubyen lè w itilize fòmilè anliy lan nan de.gov/dnreccomments, oubyen nan lapòs ameriken nan adrès swivan an:

Theresa Smith, Hearing Officer
DNREC – Office of the Secretary
89 Kings Highway, Dover, DE 19901




+